Story

Ganthier (Kreyol Version): A Voices from Haiti Visual Poem

The visual poem Ganthier in Kreyol.

Ganthier

Mwen te panse, li di de madanm
ki dire sis mwa, anvan nouvèl
trayizon san sila a, anvan l kouche
sou do li, boutèy dwòg danjere ak
pwazon pou rat li aliyen sou papòt la,
anvan eqwasyon senp fatig ak mond
sila a plis yon kò k'ap deperi nan debri,
yon kè ki boulvèse pa ri yon fanm, anvan
tout bagay sa yo, li te ale, madam sa a,
ti zanj sa a, fanm bèlte ki konn bèlte li;
mwen te panse, li di, li te yon ti zanj,
men se pa t vre, kou sa rive pafwa.
Men koulyea l'ap souri souri rize parese a,
zye koulè zabriko li briye, li jwenn zanj
siperyè li; e se konsa yon cliché pou mizik
popilè vin tounen yon im pou sen yo.
Li te vini e sove l fason zanj siperyè yo
antre nan yon kay—san mande pèmisyon;
antre nan kay la kòmsi yo genyen
yon lame zanj sou lòd yo—
san zèl, yo rive kouwè odè lansan,
ranpli souf ou e plase yon men sou ou,
e ou vin konfòme w. Bagay sa a
pi fò ke lanmou. Yon liv;
yon liv lejann avèk chapit e vèsè
kapab ekri sou bagay sila a—vwa Bondye,
mistè dominan kreyati selès yo yo sakrifye
pou vin konpayèl chè fèb èt imen yo, li se
zanj siperyè sa ak yon blesi nan kò li—kòmsi
tout bagay la te planifye: Mwen pral voye
yon move sò sou ou, yon bagay k'ap ante w
kou maladi lèp ta fè w si yo pa t jwenn gerizon l
—yon bagay rezève pou moun modi yo, yo di,
bagay sa a dwe chichote nan fant yon ti twou
kote ti kò fennen ap redi pou jwenn lè,
mwen pral kite l pote bagay sa a anndan l,
epi mwen pral ba w lòd pou marye avè l,
pran l kòm madanm ou, e w'ap vin aprann
konbyen pi gran ke dezi bagay sila a ye,
konbyen li pi vas ke grangou. Li gade l,
ki kouche la a sou vant sou matla ki kouvri
ak dra blan deyò sou galri a kote lè a pi fre,
e li te abiye ak yon jip konplè roz legliz,
l'ap gade li, apre li ba l manje, ba li dlo pou l
bwè, vide dlo pou men li, epi li di: "Mwen
pa merite li, non li dwe non lagras, mwen
pa merite refij sa a, e mwen mande l tout tan,
poukisa ou renmen mwen, e li di, bagay sa a
pi gran ke mwen avè w, e se sa sèlman li di."
Petèt yon nonm dwe toujou ret tann anvan l
manyen chè yon zanj siperyè, yon nonm dwe
apwoche kò yon zanj siperyè tankou l ta devan
yon lotèl, yon nonm pa dwe lese briyans zye l
fè l panse sa se yon chè òdinè; yon nonm dwe
pran tan l pou l marye l kòmsadwa, ba li yon
bag, ba li kontantman yon fanmi reyini,
yon nonm dwe fè tout bagay sa yo anvan l
ajenouye l devan kò yon zanj siperyè ki pa
menm konnen li se yon divinite sof nan jan
yon bato konnen yo dirije pou l ale nan bon dlo.
Lanmou dezespere konsa pou sa yo ki sove
anba katastwòf pousyè ak wòch—sa yo ki vin
konnen kouman bagay yo fini, sa yo k'ap viv
kòmsi demen pa t yon pwomès,
se konsa lanmou ye pou sila yo yo bay
move sò lanmou zanj siperyè.

(English original: Kwame Dawes / Haitian translation: Tontongi)
Reading may differ slightly from text.

Transcript 

Mwen te panse, li di de madanm
ki dire sis mwa, anvan nouvèl
trayizon san sila a, anvan l kouche
sou do li, boutèy dwòg danjere ak
pwazon pou rat li aliyen sou papòt la,
anvan eqwasyon senp fatig ak mond
sila a plis yon kò k’ap deperi nan debri,
yon kè ki boulvèse pa ri yon fanm, anvan
tout bagay sa yo, li te ale, madam sa a,
ti zanj sa a, fanm bèlte ki konn bèlte li;
mwen te panse, li di, li te yon ti zanj,
men se pa t vre, kou sa rive pafwa.
Men koulyea l’ap souri souri rize parese a,
zye koulè zabriko li briye, li jwenn zanj
siperyè li; e se konsa yon cliché pou mizik
popilè vin tounen yon im pou sen yo.
Li te vini e sove l fason zanj siperyè yo
antre nan yon kay—san mande pèmisyon;
antre nan kay la kòmsi yo genyen
yon lame zanj sou lòd yo—
san zèl, yo rive kouwè odè lansan,
ranpli souf ou e plase yon men sou ou,
e ou vin konfòme w. Bagay sa a
pi fò ke lanmou. Yon liv;
yon liv lejann avèk chapit e vèsè
kapab ekri sou bagay sila a—vwa Bondye,
mistè dominan kreyati selès yo yo sakrifye
pou vin konpayèl chè fèb èt imen yo, li se
zanj siperyè sa ak yon blesi nan kò li—kòmsi
tout bagay la te planifye: Mwen pral voye
yon move sò sou ou, yon bagay k’ap ante w
kou maladi lèp ta fè w si yo pa t jwenn gerizon l
—yon bagay rezève pou moun modi yo, yo di,
bagay sa a dwe chichote nan fant yon ti twou
kote ti kò fennen ap redi pou jwenn lè,
mwen pral kite l pote bagay sa a anndan l,
epi mwen pral ba w lòd pou marye avè l,
pran l kòm madanm ou, e w’ap vin aprann
konbyen pi gran ke dezi bagay sila a ye,
konbyen li pi vas ke grangou.  Li gade l,
ki kouche la a sou vant sou matla ki kouvri
ak dra blan deyò sou galri a kote lè a pi fre,
e li te abiye ak yon jip konplè roz legliz,
l’ap gade li, apre li ba l manje, ba li dlo pou l
bwè, vide dlo pou men li, epi li di: “Mwen
pa merite li, non li dwe non lagras, mwen
pa merite refij sa a, e mwen mande l tout tan,
poukisa ou renmen mwen, e li di, bagay sa a
pi gran ke mwen avè w, e se sa sèlman li di.”
Petèt yon nonm dwe toujou ret tann anvan l
manyen chè yon zanj siperyè, yon nonm dwe
apwoche kò yon zanj siperyè tankou l ta devan
yon lotèl, yon nonm pa dwe lese briyans zye l
fè l panse sa se yon chè òdinè; yon nonm dwe
pran tan l pou l marye l kòmsadwa, ba li yon
bag, ba li kontantman yon fanmi reyini,
yon nonm dwe fè tout bagay sa yo anvan l
ajenouye l devan kò yon zanj siperyè ki pa
menm konnen li se yon divinite sof nan jan
yon bato konnen yo dirije pou l ale nan bon dlo.
Lanmou dezespere konsa pou sa yo ki sove
anba katastwòf pousyè ak wòch—sa yo ki vin
konnen kouman bagay yo fini, sa yo k’ap viv
kòmsi demen pa t yon pwomès,
se konsa lanmou ye pou sila yo yo bay
move sò lanmou zanj siperyè.
 
(English original: Kwame Dawes / Haitian translation: Tontongi)

Reading may differ slightly from text