Story

Tomb (Kreyol Version): A Voices from Haiti Visual Poem

Tomb

 

Tout jounen m ap gade yon vil ki detwi

 

(Josaphat Robert Large)

 

Chak batiman kraze se yon tomb.

 

N ap mache sou blòk gri'k kraze ak fè ki mele yo.

 

Ti odè lanmò nan lè a toujou;

 

chak ti zenglen ki ri - seche nan chalè a.

 

pousyè a, wòch yo, pousyè a, wòch yo.

 

Doktè a bay yon souri sere,

 

li leve zepòl li pou l di,"Se lavi, - lavi a terib."

 

Li lonje dwèt li sou beton gri kote lopital la te ye a

 

li konte dizwit –

 

fanm yo nan matènite ak tibebe ki fenk fèt - fanmi yo ap konte dwèt

 

ak zòtèy - yo te nan dezyèm etaj la -

 

nan premye a se mis konpetan yo k te la;

 

anlè a se kò kraze ki nan gerizon –

 

yo tout antere nan wòch -

 

pandan plizyè jou odè kò dekonpoze yo kouvri po nou,

 

kounyea, apre solda kask ble yo dezinfekte dekomb yo (yo kòn abitye fè sa deja) li vin'n tolerab –

 

-lanmò boude nan kwen an, tankou kè nou ki sote a chak fwa nou tande gwonnman.

 

Vil la danse pou l viv, mizik la ap frape kont dezespwa.

 

Yon manmi eskivel pou kamyon an pa frape l.

 

Latè sa a devore mò ak anpil efikasite, epi nou rete ak tèt nou kouvri ak pousyè,

je nou ap chèche figi nou rekonèt,

 

panda tan sa a kè nou anfwi pou'l rete an sekirite.

 

Transcript 

 

Tout jounen m ap gade yon vil ki detwi                         (Josaphat Robert Large)   Chak batiman kraze se yon tomb. N ap mache sou blòk gri’k kraze ak fè ki mele yo.     Ti odè lanmò nan lè a toujou; chak ti zenglen ki ri - seche nan chalè a. pousyè a, wòch yo, pousyè a, wòch yo.    Doktè a bay yon souri sere,   li leve zepòl li pou l di,"Se lavi, - lavi a terib."   Li lonje dwèt li sou beton gri kote lopital la te ye a li konte dizwit –    fanm yo nan matènite ak tibebe ki fenk fèt - fanmi yo ap konte dwèt ak zòtèy - yo te nan dezyèm etaj la -     nan premye a se mis konpetan yo k te la;  anlè a se kò kraze ki nan gerizon –  yo tout antere nan wòch  -    pandan plizyè jou odè kò dekonpoze yo kouvri po nou, kounyea, apre solda kask ble yo dezinfekte dekomb yo (yo kòn abitye fè sa deja) li vin’n tolerab –   -lanmò boude nan kwen an, tankou kè nou ki sote a chak fwa nou tande gwonnman.   Vil la danse pou l viv, mizik la ap frape kont dezespwa.    Yon manmi eskivel pou kamyon an pa frape l. Latè sa a devore mò ak anpil efikasite, epi nou rete ak tèt nou kouvri ak pousyè,      je nou ap chèche figi nou rekonèt,   panda tan sa a kè nou anfwi pou’l rete an sekirite.